Me André Michel anonse SDP ap nan tout dyalòg k ap fèt sou pwoblèm Ayiti yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
me andré michel anonse sdp ap nan tout dyalòg k ap fèt sou pwoblèm ayiti yo

Me André Michel ki pandan lontan te yon opozan fawouch premye ak dezyèm vèsyon PHTK a fè konnen estrikti li ladan l lan, Sektè demokratik ak popilè, ap prezan nan tout dyalòg k ap fèt sou kriz Ayiti ap fè fas dènye tan sa yo.

Nan yon piblikasyon sou Twitter ayè jedi premye jen an, Avoka pèp la, jan l rete tèt li an, denonse gwoup Montana a ki te boude envitasyon Wo konsèy tranzisyon an pou fowòm sa ki t ap òganize nan Caribe Convention Center an nan dat 23 ak 24 me pase an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Me André Michel ki pami pèsonalite politik ayisyen CARICOM konvoke nan peyi Jamayik pou diskite sou pwoblèm Ayiti an, kritike gwoup Montana a ki deja konfime prezans li pou rankont sila a pandan yo te inyore pa HCT an.

« Nou t ap parèt pi serye si nou tout te reponn prezan ak envitasyon HCT a jan SDP te fè l. An granmoun, nou t ap chita nan peyi nou, lakay nou, je nan je, pou nou rezoud pwoblèm nou », ekri responsab Sektè demokratik ak popilè a sou kont Twitter li.

Yon lòt bò, Mèt André Michel ki pami pi gwo alye gouvènman Ariel Henry an, kontinye ap fè pwomosyon pou dyalòg ant aktè yo an Ayiti. « Li dwe klè pou tout moun, depi se Dyalòg sou pwoblèm Ayiti, SDP ap ladan l », rapouswiv Me André Michel ki san dout ap Jamayik.

N ap raple, depi plis pase yon dizèn ane, Ayiti plonje nan yon kriz san parèy kote prèske tout enstitisyon yo ajenou, mete sou kriz sosyopolitik yo ki mennen sou yon ensekirite k ap detwi lavi sitwayen ak sitwayèn yo nan peyi a, sitou aprè asasina brital ansyen Prezidan Jovenel Moïse lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.