Yon move sezon k ap rapouswiv pou Liverpool

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon move sezon k ap rapouswiv pou liverpool

Fas youn nan pi move ekip yo nan Premier League la sezon sa, Liverpool tonbe jodi samdi an (0-1) sou tèren Bournemouth ki te okipe avan jounen chanpyona sa dènye plas klasman an.

Reds yo ki sòti nan yon viktwa istorik (7-0) fas Manchester United wikenn ki sot pase a, tonbe nan okazyon 27èm jounen Premier League la, lakay Bournemouth, sou yon gòl yo ta pral pran depi nan premye mitan an nan 28èm minit .

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre prezans Salah, Gakpo ak Núñez ki te briye nan gwo viktwa fas Manchester United wikenn pase an, Liverpool konnen yon lòt move rezilta pou sezon an nan Validity Stadium lan, lakay Bournemouth.

Yon defèt (0-1) kote atakan ejipsyen an ki te enskri yon double wikenn pase an fas Red Devils yo, ta pral rate yon pennalite nan 69èm minit ki te kapab ofri egalizasyon an ak Liverpool ki t ap domine ak 69% posesyon balon an.

Malgre seri move rezilta sa yo ki gen ladan l kokennchenn defèt (5-2) fas Real Madrid nan Lig dè Chanpyon an, Liverpool twouve l pou moman an nan senkyèm plas klasman Premier League la avèk 42 pwen, dèyè Tottenham ki gen 48.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.