ChatGPT, yon entèlijans atifisyèl k ap fè pale de li

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
chatgpt, yon entèlijans atifisyèl k ap fè pale de li

Jodi a nou ap viv nan yon mond kote pifò moun yo pa trè abitye ak konsèp entèlijans atifisyèl (IA) la, malgre lefètke li deja kòmanse radikalman transfòme lavi nou chak jou.

Entèlijans atifisyèl oswa AI, se yon pati nan lavi n ap mennen chak jou, gen anpil fason etonan yo sèvi ak IA, li ede nou nan tout domèn nan lavi nou, kit li se imèl nou yo, jwenn direksyon, jwenn rekòmandasyon mizik oswa fim elatriye…

Pandan moman sa yo, gen yon IA k ap fè pale anpil de li, sitou nan domèn pwofesyonèl, lekòl ak lòt ankò, IA sa se ChatGPT. Anpil moun pa konnen kisa ChatGPT a ye, konsa tou genyen ki pa konnen kijan pou yo itilize AI sila a.

Kisa ChatGPT a ye ?

ChatGPT fè aparisyon piblik li nan lane 2022 a, espesyalman an desanm 2022. ChatGPT se yon entèlijans atifisyèl (IA) ki vini sou fòm yon chatbot. Li baze sou dyalòg (ajan konvèsasyon), ChatGPT kapab konprann ak jenere tèks tankou yon moun.

Se sou modèl langaj ChatGPT a devlope ki rann sa posib:

– GPT-3 (Generative Pre-antrened Transformer 3) ki te entwodwi pa OpenAI an me 2020. GPT-3 resevwa fòmasyon sou 175 milya paramèt, ki fè li pi egzak ak pi pwisan pase predesesè li a.

-GPT-2, ki resevwa fòmasyon sou 1.5 milya paramèt.

Donk, nou kapab di, ChatGPT se yon modèl langaj ak gwo echèl devlope pa OpenAI, ki resevwa fòmasyon sou yon kantite done tèks pou konprann ak jenere langaj natirèl. ChatGPT kapab reponn yon varyete kesyon, bay enfòmasyon, epi menm kenbe konvèsasyon ak itilizatè yo. Objektif IA sa, se ede moun rezoud pwoblèm, jwenn repons kesyon yo, epi amelyore konpreyansyon yo sou mond ki antoure yo.

Nan yon mo, ChatGPT se yon pwogram òdinatè ki ka kominike ak yon moun nan lang natirèl li epi ede moun nan reponn kesyon l yo oswa diskite sou divès sijè ki entèrese moun nan.

Kiyes ki te fonde ChatGPT?

ChatGPT te kreye pa OpenAI, yon konpayi rechèch entèlijans atifisyèl ki te fonde an 2015 pa plizyè ko-fondatè tankou Elon Musk, Sam Altman, Greg Brockman, ak lòt moun. OpenAI konsantre sou rechèch nan entèlijans atifisyèl ak kreyasyon teknoloji avanse ak sekirite pou lavni limanite. ChatGPT se youn nan anpil pwojè OpenAI ki vize pou eksplore posiblite IA pou amelyore kominikasyon ak konpreyansyon ant moun ak machin.

Facebook Comments

Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.