Yon nonm pase 7 jou youn aprè lòt ap kriye pou l bat yon rekò, li tou avèg

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon nonm pase 7 jou youn aprè lòt ap kriye pou l bat yon rekò, li tou avèg

Moun itilize tout mwayen pou mete pwojektè sou yo nan lide pou yo fè lajan. Yon Nijeryan ki rele Tembu Ebere eseye pase plizyè jou youn dèyè lòt ap kriye nan lide pou l te bat yon rekò dimond Guinness. Toutfwa, aprè l fin leve defi a li tou avèg.

Istwa fè anpil pale sou rezo sosyal yo, patikilyèman sou TikTok. Afriken sila pase 7 jou ap kriye san rete pou l te ka genyen non l nan liv Guinness rekò yo. Aprè sa, li pèdi vizyon li pandan plizyè jou, san konte li te vin gen gwo doulè nan tèt, epi zye l ak vizaj anfle men wotè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Tembu deklare aprè eksperyans sila li se yon komedyen, nan peyi li yo souvan fè jan de defi sa yo nan lide pou vin popilè sou rezo sosyal yo.

Yon videyo ki pibliye sou rezo sosyal yo menm montre nonm lan chita nan yon pyès ap kriye epi yon kwonomèt ap kalkile lè, minit ak segond k ap pase. Li te menm mande pwòch li yo pou voye pwoblèm yo genyen bay li pou l te ka kriye pou yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.