Yon nouvo sistèm jesyon elektwonik demand ak livrezon paspò nan Konsila jeneral Ayiti nan Paris 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon nouvo sistèm jesyon elektwonik demand ak livrezon paspò nan konsila jeneral ayiti nan paris 

Konsila jeneral Ayiti nan Paris inogire vandredi 4 novanm yon nouvo sistèm jesyon elektwonik demand ak livrezon paspò ki pral fasilite sitwayen ayisyen yo k ap viv an Frans jwenn yon sèvis pi rapid. 

Nan yon seremoni ki reyalize an prezans plis pase yon ventèn manm kominote ayisyèn lan an Frans, Konsila jeneral Ayiti a ki nan vil Paris devwale nouvo dispozitif sa ki pral pèmèt gen mwens tan ki pran pou livrezon paspò yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nouvo sistèm jesyon sa gen ladan l de dispozitif teknolojik pou pran done biyometrik ak anrejistreman ki konekte dirèkteman nan rezo direksyon jeneral imigrasyon ak emigrasyon nan Pòtoprens. 

Avèk nouvo sistèm sa ki mete an plas lan, konsila a pral kapab diminye kantite tan pou livrezon paspò yo ki sipoze mwens pase 2 mwa olye de 6 mwa jiska 1 an, jan sa konn abitye fèt. 

Daprè James Jules ki se youn nan responsab Konsila jeneral Ayiti nan vil Paris, demand paspò an ijans yo pral kapab disponib sou sèlman 15 jou avèk nouvo sistèm jesyon elektwonik sa ki mete sou pye nan konsila a. 

Rete pou tann si fonksyonman nouvo sistèm sa ap bay satisfaksyon tout bon vre ak konpatriyòt ayisyen yo ki sou teritwa fransè a, e rete gade si lòt konsila yo pa p swiv demach sa nan lide pou ofri yon pi bon sèvis ak ayisyen ki nan dyaspora. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.