Yon ogmantasyon 250% pou pri viza ameriken an pou atis etranje yo

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur

Yon atis etranje ki ta renmen vin pèfòme Etazini p ap jwenn tach la fasil jan l te ye sa gen kèk tan. Depi premye avril la, pri viza a konnen yon ogmantasyon 250%, sa ki enkyete atis yo.

Desizyon pou yo ogmante pri viza a pa kite atis etranje yo endiferan, gen nan yo ki fè konnen sa ka gen konsekans negatif sou sektè mizikal ak divètisman an. Sa gen kèk tan, yon atis etranje te sèlman bezwen 460 dola pou l peye yon viza, pou kounye a, l ap bezwen 1615 dola.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Viza ameriken yo bay atis ak pèsonalite etranje yo se viza P avèk O. Depi 2023, depatman Sekirite enteryè nan peyi Etazini te fè pwopozisyon sa epi yo te esplike se paske depi lè pandemi a demand pou tip viza sa yo te bese de 40% pandan se kòb viza sa yo ki finanse sèvis imigrasyon peyi a, USCIS.

Ogmantasyon sa konsène misizyen, ekriven, koferansye, chèf antrepriz, pwomotè, oganizatè evènman ak anpil lòt. Se yon tip viza travay yo bay pou yon dire byen detèmine. Pwosesis pou jwenn viza sa koute anpil epi kritè pou jwenn li yo vrèman estrik.

Desizyon sa pa fè bonè atis ak travayè sektè mizikal la nan lemond antye ki vize sèn amerikèn lan pou ekspoze talan yo. Yo estime sa ka fè sektè lwazi a pran kou.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.