Yon polisye pèdi lavi l nan atak bandi ak zam fè sou komin Kafou an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon polisye pèdi lavi l nan atak bandi ak zam fè sou komin kafou an

Occil Franztdy, polisye ki sòti nan 26èm pwomosyon Lapolis la, pèdi lavi l jodi madi 30 me a aprè atak bandi ak zam fè sou divès kwen nan komin Kafou pandan jounen an.

Komin Kafou se te teyat afwontman Lapolis ak endividi ak zam pyès moun pa rive idantifye ki t ap kreye panik nan divès kwen nan komin lan. Pou jounen madi a, genyen omwen twa moun ki mouri, pami yo polisye Occil Franztdy, mete sou plizyè lòt ki sòti blese.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon nou dispoze, ajan 26èm pwomosyon Lapolis sa tonbe anba bal san fwa ni lwa ki ta sòti Fontamara pou vin twouble komin Kafou nan tire kout bal tribòbabò.

Endividi sa yo ki te gen nan men yo gwo zam fann fwa, daprè imaj ki pataje sou rezo sosyal yo, fè plizyè viktim nan kan popilasyon sivil la, mete sou polisye sa ki pèdi lavi l pandan atak sa. Bandi yo ta menm ale ak kadav la, daprè sa nou aprann.

Annatandan otorite Lapolis bay eksplikasyon sou sa ki pase pandan jounen an nan komin Kafou, prensipalman nan zòn tankou Dikini ak Lamanten, popilasyon sivil la nan gwo kè kase aprè atak endividi ak zam sa yo ki ta fè pati gwoup gang “Ti Bwa” a ki gen nan tèt li Krisla.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.