Gras ak yon gòl sou pennalite jodi jedi an nan eliminatwa Euro 2024, Harry Kane vini meyè bitè seleksyon anglè an avèk 54 reyalizasyon kote l depase ansyen atakan Manchester United lan, Wayne Rooney.
Fas Itali nan match eliminatwa Euro 2024, atakan Tottenham lan ki se egalman kapitèn seleksyon « Twa lyon » yo, rantre pi fon nan istwa foutbòl anglè an avèk gòl sa li make jodia nan viktwa (2-1) yo fè kont italyen yo.
Harry Kane ki jwe jodi jedi an 81èm match li sou koulè « Twa Lyon » yo, depase Wayne Rooney kote li vini poukont li meyè bitè seleksyon anglè an avèk 54 gòl aprè uit lane depi l te pote koulè seleksyon an pou premye fwa, nan lane 2015.
Atakan anglè an se egalman meyè bitè istwa klèb li, Tottenham Hotspur, avèk 267 gòl kote l ta pral depase nan mwa fevriye ki sot pase an Jimmy Greaves ki te gen rekò sa depi lane 1960.
Facebook Comments