Yon rekonpans endividyèl pou Duckens Nazon nan Parva Liga a

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon rekonpans endividyèl pou duckens nazon nan parva liga a

Atakan entènasyonal ayisyen an, Duckens Nazon, rekonpanse kòm meyè jwè semèn lan nan Parva Liga a aprè pèfòmans li nan 22èm jounen chanpyona a kote l make yon lòt fwa ankò pou ofri yon match nil ak CSKA Sofia.

Duckens Nazon ki sou yon bon seri depi kòmansman ane an, enskri wikenn ki sot pase an 10èm gòl li nan Parva Liga a sou 18 match li jwe yo. Yon pèfòmans ki pèmèt li resevwa twofe pi bon jwè semèn lan nan chanpyona premye divizyon Bilgari an.

Grenadye an ki sou yon seri 4 match youn kole ak lòt depi l ap fè gòl, rive nan dezyèm plas klasman pi bon bitè Parva Liga a avèk 10 gòl, dèyè Ivajlo Chochev, mitan tèren FC CSKA 1948 Sofia ki genyen 15 gòl.

Duckens Nazon ap konnen pi bèl sezon l nan foutbòl ewopeyen an depi l ap jwe pwofesyonèl kote depi kòmansman ane an li regilye nan pèfòmans li yo avèk 5 gòl e bay 2 pas desizif li yo nan Parva Liga a sou 4 match li jwe yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.