« N ap Mache Pou Lavi » denonse rezo polisye k ap pran gwo kòb nan men sitwayen pou fè paspò

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
n ap mache pou lavi denonse rezo polisye k ap pran gwo kòb nan men sitwayen pou fè paspò

Depi aprè anonse pwogram Imanitè pwovizwa peyi Etazini te mete sou pye nan dat 5 janvye 2023 a, fè paspò nan peyi a se sinonim ak batay, difikilte epi vyolans. Pou sitwayen yo rive fè pyès idantite sa, fòk yo gen anpil lajan. Nan sans sa, estrikti  » N ap Mache Pou Lavi » denonse rezo polisye k ap pran gwo kòb nan men sitwayen Ayisyen yo, pou kapab fè paspò pou yo.

Nan yon nòt pou laprès estrikti a te pibliye ayè 8 mas la, li te denonse koripsyon ki karakterize sèvis livrezon paspò an Ayiti ak zak vyolans sitwayen yo sibi depi lè Prezidan ameriken an, Joe Biden te fin anonse program Imanitè ki ap pèmèt 30 mil migran Ayisyen, Nikaragweyen, Kiben ak Venezelyen antre nan peyi Etazini legalman lè yo jwenn yon moun nan peyi Lèzetazini ki ap bayo esponsò.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrèman vre, pou yon sitwayen Ayisyen jwenn pyès idantite sa, genyen ki peye ant 20,000 a 100,000 goud pou dokiman sila a.

Se sak fè,  » N ap Mache Pou Lavi » di yo konstate ak anpil desepsyon egzistans yon gwo rezo ki gen ladanl ajan Imigrasyon, ofisye lapolis ak lòt kalite moun ki ap depouye sitwayen Ayisyen yo ki vle jwenn paspò yo depi anons pwogram Imanitè Prezidan Joe Biden nan.

Estrikti a fè konnen, ajan imigrasyon ak kèk ofisye lapolis, kreye yon sitiyasyon kote sitwayen yo pa ka menm rive nan biwo imigrasyon an menm si yo ranpli tout kondisyon ki nesesè yo. Sa ki fè sitwayen sa yo dwe mande èd, epi peye pou plizyè etap ki mennen nan livrezon paspò, sa ki koute ant 20,000 ak 100,000 goud.

Nan sans sa, estrikti « N ap Mache Pou Lavi » voye yon apèl bay Ministè Enteryè a, Biwo Pwokirè Pòtoprens, Inite Anti-Koripsyon (ULCC) pou pran tout dispozisyon ki nesesè pou mete fen nan move pratik sa yo pou sitwayen yo jwenn paspò yo byen, san yo pa depanse anpil lajan, nan bay ajan imigrasyon ak lapolis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.