Yon salè 6 milyon ewo chak mwa pou Kylian Mbappé

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon salè 6 milyon ewo chak mwa pou kylian mbappé

Pwolongasyon kontra Kylian Mbappé ete ki sot pase a nan Paris Saint-Germain an fè li vini jwè k ap pi byen touche nan Ligue 1 an avèk yon salè 6 milyon ewo chak mwa, taks tou ladan l, daprè jounal L’Équipe.

Atakan fransè an ki te tou pwòch pou rejwenn Real Madrid ete ki sot pase an, te poze kondisyon pou l rete nan PSG, pami yo mete l nan premye plan pwojè parizyen an ki fè jounen jodia li se jwè ki gen pi gwo salè nan chanpyona fransè an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kylian Mbappé, avèk salè sa li genyen nan Paris Saint-Germain an, pase devan de etwal sid-ameriken yo, Lionel Messi ak Neymar Jr k ap touche youn aprè lòt 3,4 ak 3,7 milyon ewo, taks tou ladan l.

Lè taks yo retire nan lajan PSG ap peye atakan fransè 24 lane an, genyen yon total 4,62 milyon ewo ki rete kòm salè Kylian Mbappé k ap domine klasman jwè k ap touche plis kòb yo nan Ligue 1 an daprè L’Équipe.

Nan klasman sa sou kantite lajan jwè Ligue 1 yo ap touche an, Paris Saint-Germain ki gen kòm prensipal sous finansye Leta Qatari, domine l avèk 10 pi byen klase yo ki se jwè ekip parizyen an.

Wissam Ben Yedder k ap jwe nan AS Monaco se premye jwè ki pa nan PSG ki parèt nan klasman sa, nan onzyèm plas la, avèk sèlman 650 000 ewo chak mwa dèyè Nordi Mukiele ki gen yon salè mansyèl 700 000 ewo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.