Yon sibvansyon 1,6 milya goud pou chofè machin yo

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon sibvansyon 1,6 milya goud pou chofè machin yo

Nan kad pwogram apezman sosyal gouvènman an plas la ap eseye mete sou pye depi plizyè mwa anndan peyi an genyen yon total 1,6 milya goud ki prale jwenn chofè machin yo pou fè fas ak monte pri pwodui petwolye yo.

Plizyè mwa aprè anons ofisyèl sou pwogram apezman sa te fèt nan peyi an lajan sibvansyon pou chofè machin yo kòmanse distribiye daprè Minis komès ak endistri an, Ricardin St-Jean, ki konfime enfòmasyon sa.

Nan kad mezi gouvènman an plas la ap adopte pou sipòte popilasyon an ak chofè machin yo aprè monte pri pwodui petwolye yo plizyè fwa pandan ane 2022 an, genyen plis pase 100,000 chofè machin ak anviwon 2,000 ti antreprenè k ap gen pou benefisye.

Daprè Ricardin St-Jean, benefisyè yo pral gen pou resevwa yon kat sibvansyon k ap gen sou li yon frè 15,000 goud nan kad pwogram sa k ap gen pou tabli sou yon peryòd 6 mwa kote tout komin yo ap touche.

N ap raple, genyen yon anvlòp 21 milya 600 milyon goud ki disponib pou gouvènman ayisyen an mete sou pye divès pwogram sosyal anndan peyi an ki vize soutni fanmi ki pi vilnerab yo avèk prensipalman 15 milya ki sòti nan FMI.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.