Yon wikenn tèt chaje pou selebre mizik ayisyèn lan nan Florid

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon wikenn tèt chaje pou selebre mizik ayisyèn lan nan florid

Pou mwa me k ap vini la a, anpil evennman mizikal ap makonnen pou selebre eritaj kiltirèl ayisyen. Yo prevwa yon kokennchenn wikenn kote pi bèl vwa Ayiti yo pral rezonnen nan kad Haitian Compas Festival.

Mizik ayisyèn lan ap depoze pye l nan eta Florid depi 16 me pou tanmen wikenn selebrasyon sa ak bon jan pèfòmans. Nan dat sila a, se Ekip ak DJ Heavy k ap gen pou yo pèfòme nan Hollywood Blvd. Se aktivite k ap lanse vennsizyèm anivèsè Haitian Compas Festival la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan demen k ap 17 me, bagay yo pral chavire nan All Black Kick Off Party a ak yon bèl afich k ap gen ladan l Roody Roodboy, Nu-Look, Mood, Kai, T-Vice ak Andybeatz. DJ Heavy ak DJ Bullet ap konplete afich sa. Evennman sa ap fèt nan Miami Beach.

Nan 18 me menm, jou selebrasyon kreyasyon bikolò a, se pral pi gwo evennman an kote tout pi gwo non nan endistri mizikal la ap gen pou yo pèfòme. Ap gen Zafèm, Rutshelle, Belo, Tony Mix, Oswald ak anpil lòt. Mizik Mizik se envite donè edisyon sa. Se Miami k ap resevwa evennman sa a.

Toujou nan 18 me, ap gen yon Official After Party nan Miami Beach. Nan afich la n ap jwenn Zafèm ak Oswald, DJ Heavy epi DJ Lens. Se yon jounen mizik san kanpe nan Florid kote gen plis pase yon demi milyon Ayisyen k ap viv.

Festival la ap bout dimanch k ap 19 me a ak yon Close Out Party k ap gen ladan l Klass epi Mizik Mizik. Animasyon mizikal la se DJ Super Duke ak DJ Nicki Mix k ap asire l. Evennman sa ap tou make selebrasyon trantuityèm anivèsè gwoup Mizik Mizik.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.