Zòn mòn Kabrit, bandi ak zam atake ak yon machin ak tout pasaje 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Zòn mòn Kabrit, bandi ak zam atake ak yon machin ak tout pasaje

Ensekirite a kontinye ap fè viktim nan peyi d Ayiti. Ayè dimanch 11 septanm nan, bandi ak zam atake yon machin Suzuki koulè nwa anba mòn Kabrit, nan nò Pòtoprens, aprè l t ap sòti Sendomeng. 

Abò machin nan te gen 2 moun, se sèl youn ki gen chans sove aprè nèg sou motosiklèt te atake yo aprè yo te mande chofè ki t ap kondi a ralanti, daprè revelasyon Samuel Rosembert, yon anplwaye dwàn Senmak, ki se pwopriyetè yon konpayi lokasyon machin.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Samuel te abò machin nan ak yon lòt moun, malerezman ki pa t gen chans sove. Bandi yo met lapat sou li epi ta boule l tou vivan. Yo boule machin nan tou. 

Sa rive fèt aprè yo t ap tante sove pou kriminèl yo pa t kanpe yo, epi y al pantan sou yon barikad anba mòn nan. Se nan moman sa bandi yo te louvri kout zam sou yo. Jiskaprezan pyès moun pa gen plis enfòmasyon sou lòt viktim nan. 

N ap raple se pa premye fwa nèg ak zam atake pasaje nan zòn sila, swa pandan tantativ kidnapin oubyen pandan y ap mande moun lajan. Pa janm gen yon vrè entèvansyon polisyè ki fèt nan zòn mòn Kabrit malgre popilasyon an bay otorite yo alèt sou sitiyasyon an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.