10 pi gran jwè foutbòl mond lan konnen nan istwa li

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
10 pi gran jwè istwa foutbòl la

Foutbòl se disiplim espòtif ki pi popilè nan mond lan. Chak jenerasyon bay yon elatriye jwè, men pami yo genyen ki fè diferans lan ak talan yo, tit yo pran, jan yo fè gwo eksplwa nan seleksyon ak klèb y ap evolye. Deba yo pap sispann sou jwè ki pi fò yo nan jwèt la, sitou aprè Mondyal 2022 a. Fè yon lis 10 pi gran jwè nan istwa foutbòl la se yon travay ki difisil. Men lis 10 pi gran jwè ki make istwa foutbòl la.

1- Pelé : Brezilyen 

- Advertisement -
Ad imageAd image

2- Lionel Messi: Ajanten

3- Diego Maradona : Ajanten

4- Cristiano  Ronaldo : Potigè 

5- Ronaldo Nazario : Brezilyen 

6- Zinedine Zidane : Fransè 

7- Franz Beckenbauer : Almann 

8- Johan Cruyff : Nèlandè

- Advertisement -
Ad imageAd image

9- Michel Platini : Fransè 

10- Iker Casillas : Espanyol 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

1- Pelé 

Pou anpil moun Pelé se wa foutbòl la, li mouri 29 desann 2022, se mond lan ki te mete chapo yo byen ba pou salye travèsè li. Se jwè yo konsidere kòm pi gran jwè nan mond lan, se rezon sa ki fè yo ba l pote non Wa Pelè, wa foutbòl la. Pelé ak kalite teknik li, drib li, pas li ak fwap li te  depase tout jwè nan epòk li. Li se sèl jwè ki pran 3 Mondyal ak seleksyon li. Li mete anpil rekò nan jwèt la, li se pi jèn jwè ki fè gòl nan final yon Mondyal. Ak Brezil li fè 77 gòl pou 91 match li jwè. Pelé se yon eritaj pou foutbòl la.

 

2- Lionel Messi 

Messi se sèl jwè kap jwè kounya yo konsidere kòm meyè jwè istwa foutbòl la. Li pran anpil tit ak Barcelone,  li pran Balon dò a 7 fwa, li fèk pran yon Mondyal ak ekip Ajantin nan. Vitès li, teknik li ak kapasite pou l fè pas, fè gòl se yon bagay san parèy. Se yon talan ki soti nan yon lòt planèt.

 

3- Diego Maradona 

Se yon lejand ki bay Ajantin Mondyal 1986, ki te fè bonè ekip Naples la ak Boca Junior, Kalite drib li, kreyativite l, te fè l yon jwè remakab, eksepsyonèl nan jwèt la.

 

4- Cristiono Ronaldo

C.Ronaldo se youn nan jwè kap jwe toujou, anpil moun konsidere l kòm youn nan meyè istwa foutbòl la. Li pran anpil tit ak Real Madrid, li pran Champions League 5 fwa epi pran 5 balon dò. Potigè a ouvè yon lòt paj nan foutbòl la, lè deside siyen yon kontra ak Al-Nassr, yon klèb sawoudyen.

 

5- Ronaldo Nazario 

Se youn nan pi gran atakan jwèt la konnen, li fè anpil bèl gòl ak Inter Milan, Real Madrid, li pran 2 Balon dò. Yon jwè anpil moun renmen pou pesonalite l ak pasyon nan pou jwèt la. Li te youn nan atizan Mondyal 2002 a pou Brezil.

 

6- Zinedine Zidane 

Yon maestro san parèy, kapasite l pou l pote balon, pou l fè jwèt se yon referans nan mitan teren an. Li pran Balon dò a, li bay Frans Mondyal 1998 la. Yon jwè ki te toujou motive pou l genyen.

 

7- Franz Beckenbauer 

Youn nan pi gwo defansè jwèt la konnen, yon talan eksepsyonèl, yon jwè ki te konn soti balon, make advèsè li yo, ranmase balon, pote balon. Li pran anpil tit ak Bayern Munich ak ekip Almay la. Li pran Balon dò a 2 fwa.

 

8- Johan Cruyff 

Yon jwè konplè nan istwa jwèt la, Li te gen anpil enflyans nan foutbòl la. Li pran 3 Champions League ak Ajax, li te ede ekip Nèlandè a rive nan final Mondyal 1974 la. Yon jwè ki plen teknik ak varyete nan jwèt li. Johan Cruyff kite yon eritaj nan jwèt la.

 

9- Michel Platini 

Platini se youn nan jwè ki ta pral fè nimewo 10 la ki tout valè sa nan jwèt la. Se youn nan pi gran jwè nan istwa foutbòl fransè a. Li pran anpil tit ak Juventus epi Lafrans, li pran Balon dò 3 fwa nan karyè li. Se te yon lidè, ki te toujou mizè sou kolektif. Yon jwè ki te konn fè gòl, ki te konn drible ak bay bèl pas.

 

10- Iker Casillas

Youn nan pi gran gadyen istwa foutbòl la, li pran 3 Champions League ak  Real Madrid ak anpil lòt tit. Li pran Koup Ewop la 2 fwa, yon Mondyal ak ekip Espay la. Se youn nan gadyen ki make jwèt la, ki rive ekri yon paj nan istwa foutbòl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive