Plizyè lekòl nan Kapital la relouvri pòt yo, ayè mèkredi a

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
plizyè lekòl nan kapital la relouvri pòt yo, ayè mèkredi a

Ayè mèkredi 15 Mas 2023 a, plizyè lekòl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, te relouvri pòt yo ki te fèmen depi semèn pase akoz sitiyasyon peyi a k ap deteryore chak jou pi plis. Desizyon sila vini aprè vizit Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat ak responsab EDUPOL la, lendi 13 mas 2023 a, nan plis pase 3 lekòl nan Kapital la.

Vrèman vre, akoz pwoblèm ensekirite a ki ap vale teren, kote zak kidnapin yo ap ogmante chak jou k ap pase, plizyè lekòl nan Kapital la te pran desizyon pou fèmen pòt yo epi kontinye fè kou yo an liy,  yon fason pou yo kapab pwoteje elèv lekòl yo, kote kèk nan yo deja sibi zak kidnapin nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sepandan, nan lide pou lekòl yo te tounen louvri pòt yo, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat akonpaye ak responsab EDUPOL te vizite lendi 13 mas 2023 a plis pase 3 lekòl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la. Pandan vizit sa yo, Minis edikasyon an te fè konnen Lapolis Nasyonal d Ayiti a (PNH) mobilze pou pwoteje lekòl yo.

Se sak fè, ayè mèkredi a plizyè lekòl tankou Enstitisyon Sacré-Coeur, Saint-Louis de Gonzague, kolèj Georges Marc, Les Normaliens
Réyini ak lòt ankò, te deside relouvri pòt yo, epi rekòmanse travay nan espas yo, jan sa te konn abitye fèt.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.