Migrasyon Repiblik dominikèn demanti enfòmasyon ki fè kwè Ayisyen ap rantre sou teritwa yo a pa pil pa pakèt 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
migrasyon repiblik dominikèn demanti enfòmasyon ki fè kwè ayisyen ap rantre sou teritwa yo a pa pil pa pakèt 

Direksyon jeneral migrasyon Repiblik dominikèn nan (DGM) fè konnen li pa okouran de enfòmasyon ki fè kwè gen yon pakèt Ayisyen ilegal ki rive rantre sou teritwa yo a nan dènye jou sa yo, epi deklare se « yon kategori moun ki pran plezi nan bay popilasyon an move enfòmasyon pou fè dezòd k ap fè sa ». 

« Se totalman fo, pa gen Ayisyen san papye k ap antre nan peyi a an mas, li posib gen kèk ki rive rantre nan pwen vilnerab ki sou fwontyè a, men se pa vre, yo p ap antre an mas sou teritwa nasyonal la vre», se deklarasyon Venacio Alcántara. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Direktè jeneral migrasyon an voye jete byen lwen enfòmasyon sila yo, epi deklare genyen bon jan mezi ki pran sou fwontyè a nan tèt kole ak Kò ki Espesyalize nan Sekirite Fwontyè Terès Repiblik dominikèn nan (CESFRONT) pou anpeche trafik sila suiv chimen l. 

Nan dènye tan sa yo n ap raple, migran ayisyen yo nan kè aktyalite yo nan Karayib la, sitou depi lansman gwo operasyon Direksyon jeneral migrasyon an kont kominote ayisyen k ap viv sou teritwa sila.  

Egzekitif Dominiken an, nan tèt li Prezidan Luis Abinader, depi omwen 2 lane de sa, te bay lòd pou chèche ak ekspilse Ayisyen ki ilegal yo an Repiblik dominikèn. Ajan DGM yo menm rive al fouke Ayisyen ki ilegal yo anba kabann lakay yo.  

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.