“Nap Boule” ap prezan nan Festival International Film Black Montréal 

Revital Lynch
Par
Revital Lynch
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.
“nap boule” ap prezan nan festival international film black montréal 

“Nap Boule”, se yon fim ki rakonte istwa yon jèn koup, Jan (Kenny Laguerre) ak Woz (Ericka Julie Jean Louis) ki dwe franchi gwo barikad yo sou wout yo, barikad kawotchou k ap boule yo epi fè fas kare ak gang san pitye ki kanpe dèyè barikad sa yo ak gwo zam fann fwa nan men yo, nan lespwa pou jwenn yo kote pou akouche premye pitit yo… Istwa fim kout sa te rive konvenk komite Festival International Film Black Montréal k ap fèt sòti 20 pou bout 25 septanm 2022. 

“Nap Boule” ap prezan nan Festival International Film Black Montréal

“Nap Boule” se yon istwa ki mete aklè yon gwo reyalite nan peyi d’Ayiti, fim kout sa ki dire sèlman 21 minit, se yon istwa fiktif ki mete anba pwojektè l de gwo komedyen ak aktè ki pote non Ericka Julie Jean Louis ak Kenny Laguerre. Kenny ki deja fè anpil koze nan zafè monte sèn, jwe teyat epi fè fòmasyon nan menm domèn lan. Ericka bò kote pa l se yon atis ki chaje talan, li jwe teyat, li chante, se ansyen chantèz gwoup Siwomyèl ki pa ekziste jounen jodi a men Kika ap suiv karyè solo l, men la se nan zafè sinema l ap fè koze. 

Se pa sèlman gwo aktè fim kout sa genyen, li gen anpil gwo talan tankou reyalizatris la Alexandrine Benjamin ki sòti Cine Institute ak Ricardo Tranquilin ki travay nan domèn teknik. Kalite travay moun sa yo te pèmèt yo ateri nan lakou Montréal nan peyi Kanada nan Festival International Film Black Montréal. “Nap Boule”, ki pote non anglè THROUGH THE BARRICADES, pwograme pou pwojte jou k ap 22 septanm nan Cinéma du Parc ki chita kò l nan 3575 avenue du Parc. 

- Advertisement -
Ad image

Malerezman de aktè yo pa p la bò kote Alexandrine Benjamin pou koze konplikasyon diplomatik. Nan delè aktè yo te jwenn lèt la, li pa t posib pou anbsad Kanada an Ayiti a te gentan livre aktè yo viza pou yo travèse pandan te gen kèk gwo enstans konsène ki te prèt pou akonpaye yo. N ap raple peyi Kanada mande yon delè 90 jou pou jere ak trete dosye moun ki ap imigre yo, konsa atis yo tap oblije tann jis fen mwa novanm pou yo jwenn viza sa yo. 

“Nap Boule” se yon fim ki reyalize an Ayiti, nan vil Jacmel nan yon peryòd ki pa t fasil, kote kriz politik yo te jwe tou sou kondisyon travay yo, selon sa ekip la rapòte bay redaksyon an. Yon lòt fwa ankò, li pwouve an Ayiti gen talan ak potansyèl, gen moun ki gen jeni kreyatè epi k ap panse bagay ki pozitif malgre gen gwo barikad 17 wotè ap anpeche yo travèse men sa pa t rive kanpe ekip sa jounen jodi a ki rive mete travay yo sou yon podyòm entènasyonal. 

“Nap Boule” ap prezan nan Festival International Film Black Montréal

 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Suivre
Ray est un jeune web entrepreneur et journaliste évoluant dans le monde du multimédia. Il est un passionné de la technologie et de ses sciences connexes.