18 me pèdi tout sans li, tout koulè l jounen jodi a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
18 me pèdi tout sans li, tout koulè l jounen jodi a

Fèt drapo ayisyen an ap rive nan yon peyi ki plonje nan divès kriz depi plizyè lane, tankou politik, ekonomik, sekiritè, sanitè, elatriye. Alòske pèp la ap tante reziste anba flewo sila yo, Leta ayisyen, atravè plizyè rejim ki pase, rete kè pòpòz jiskaske pa gen yon dat istorik, pami kèk lòt, ki gen sans yo pa bò isit.

Demen 18 me a, peyi d Ayiti pral fete 220èm lane kreyasyon drapo li ki se senbòl fyète l nan je rès mond lan. Men malerezman, li pa posib pou sa fèt menm jan ak nan tan lontan yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Gen plis pase yon ventèn lane avan sa, lè pèp ayisyen an t ap pare l pou te fete drapo a se te gwo bagay: netwayaj lari, dekorasyon nan tout rakwen, chanjman drapo ki ize yo pou mete nèf, san konte parad ki te konn genyen sou Channmas, ak lòt gwo aktivite nan komin Akayè ki se site Drapo a. Lè sa tout peyi a te ble e wouj, koulè bikolò ayisyen an te konn afiche tribòbabò.

Jounen jodia 18 me pèdi tout sans li, tout koulè l. Fèt drapo a ap pwoche, lari a ki se salon pèp la chaje ak fatra, bandi pran pi fò teritwa a, pa reyèlman gen gwo evènman ki prevwa fèt, lekòl paka fè defile nan lari, moun ap plenyen grangou ak lamizè. E sa ki pi tris la, otorite yo ki nan Leta a gen bout tèren akòz gang ak zam yo. Se youn nan rezon ki lakoz aktyèl Premye minis peyi a, Ariel Henry, anvizaje ale Okap pou al selebre fèt Drapo ak Inivèsite a, e malgre sa moun Okap di l pa byenvini nan Site Henry Christophe la.

18 me, malgre sa rete yon dat istorik pou tout Ayisyen k ap viv nan mond lan, li senbolize pou teritwa ayisyen an dat papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines te deside bay nasyon ayisyèn lan yon idantite vizyèl (senbolik) atravè 2 moso twal – ble ak wouj – nan lane 1803 anba kout zegwi Catherine Flon. Menm si l chanje koulè plizyè fwa deja pandan dewoulman istwa pèp sila, li reprezante chak grenn Ayisyen san distenksyon. Ochan pou drapo nou an!

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.