PNH la anonse se pa sèl Vilaj de Dye l ap demantle gang

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pnh la anonse se pa sèl vilaj de dye l ap demantle gang

Nan yon repòtaj li pibliye sou rezo sosyal yo, pami yo Facebook, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) enfòme li entansifye operasyon li yo nan plizyè komin sou teritwa a, anplis divès operasyon l ap mennen nan zòn Vilaj de Dye ki genyen gang “5 Segond” ki bloke antre sid kapital la.

Anplis 3èm sikonskripsyon Pòtoprens lan, PNH la anonse li deplwaye plizyè inite espesyalize (SWAT, UTAG) nan kèk zòn tankou Tomazo, kote depi kèk tan li te angaje l nan twoke kout zam avèk yon gwoup bandi ki afilye ak “400 Mawozo” nan Kwadèboukè. Divès entèvansyon li mennen nan tèt kole ak inite anjen lou li an.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, dènye entèvansyon fòs lòd yo nan kèk zòn bandi ap opere te fèt avèk plizyè traktè pou kraze kay kote bandi yo konn kache pou afwonte lapolis. Tankou nan Vilaj de Dye, Tomazo ak sou Wout Nasyonal nimewo 1 an, pami kèk lòt, PNH la te oblije itilize pwa lou sila yo pou debloke lari ak kraze kachèt bandi.

Yon lòt kote, ekip Kowòdinasyon près ak relasyon piblik PNH la (CPRP) enfòme dispozitif li te pran pou ranfòse sekirite Prizon sivil Kabarè a ki genyen fanm ladan l, bandi ki nan antre nò kapital la te atake l plizyè fwa deja nan jou ki te sot pase yo.

CPRP la te tou pwofite enfòme de yon kout filè otorite polisyè yo nan vil Gonayiv, depatman Latibonit, te fè abò yon tibis ki t ap sòti Sen Michel Latalay. Abò tibis sila yo te jwenn yon zam fannfwa ak plizyè katouch. 4 bandi te jwenn arestasyon yo, men popilasyon an ki te prezan te pran yo, touye yo epi pase yo anba flanm dife.

N ap raple Direktè jeneral PNH la, Frantz Elbé, di li detèmine pou l mennen batay la kont gang yo k ap komèt zak sou teritwa depi kèk tan de sa. Anplis li mande popilasyon an rete kalm. Li mande yo kolabore ak enstitisyon polisyè a nan lide pou lapè ak sekirite ka tounen sou teritwa a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.