19 moun mouri nan yon aksidan avyon nan Tanzani 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
19 moun mouri nan yon aksidan avyon nan tanzani 

Sou kontinan afriken an, pi presizeman nan peyi Tanzani, 19 moun mouri aprè yon avyon komèsyal kraze nan yon lak ayè dimanch 6 novanm lan, alòske l t ap pare l pou l ateri nan Nòdwès peyi a, nan Bukoba. 

Aparèy la, ki se pwopriyete konpayi prive lokal Precision Air, t ap sòti nan kapital ekonomik teritwa a Dar es Saalem, li pèdi vòl li epi tonbe nan lak Victoria. Premye minis peyi a, Kassim Majaliwa fè konnen se tout peyi a ki an dèy aprè dram sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon responsab lokal, komisè rejyonal Albert Chalamila te rapòte nan yon premye tan, yo te rive sove 26 moun sou 43 ki te abò vòl la, pami yo 39 pasaje. Moun ki chape yo lopital ap pran swen. 

Pa bò kote pa l, konpayi Precision Air endike nan yon kominike se sèlman 24 moun ki te rive sove pandan dram nan. N ap raple gen nan viktim yo ki pat nan avyon an, men pito yo te bò lak Victoria ki se pi gran lak an Afrik, se la flèv Nil la sòti. 

Plizyè videyo amatè ki pibliye sou rezo sosyal yo te montre yon gwo avyon pi fò pati li koule anba dlo alòske sovtè ak moun k ap peche ki te sou plas, t ap fè dilijans pou sove potansyèl sivivan yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.