2 Ayisyen ak yon tibebe mouri nan yon aksidan an Repiblik dominikèn  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
2 ayisyen ak yon tibebe mouri nan yon aksidan an repiblik dominikèn  

3 manb yon sèl fanmi, tout se Ayisyen, mouri nan yon aksidan an Repiblik dominikèn aprè 2 machin te rantre an kolizyon sou yon otowout ki relye Hato Mayor ak El Seibo. 

Dram sila pase dimanch 23 Oktòb la aprè youn nan machin yo te pèdi wout li epi rantre sou lòt la nan zòn El Seibo, kay vwazen. Tout lè 3 Ayisyen yo mouri sou plas, otorite yo pat pran tan aprè konsta pou te transfere kadav yo nan mòg. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Délice Osnac ak Widline Dieu ki se madanm li, epi yon tibebe 4 mwa yo fenk genyen, tout fè vwèl pou peyi san chapo. Lòt moun ki enplike nan aksidan sila erezman sòti blese pa bò kote pa yo. Se Claudio Mieses ak Feliciano Jiménez, ki t ap vwayaje sou menm wout la abò yon Mitsubishi blan. 

Yon ankèt deja louvri pou detèmine sikonstans trajedi sou wout sila ki relye 2 vil yo, aprè machin Ayisyen yo, yon LTZ wouj, te rantre an kolizyon ak Mitsubishi blan. 

N ap raple, fanmi ayisyèn nan te deja rete Hato Mayor, yo te demenaje pou y al rete El Seibo pa gen twò lontan sa.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.