2 ka kidnapin resanse nan Matisan

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
2 ka kidnapin resanse nan matisan

Bandi nan 3yèm sikonskripsyon Pòtoprens lan, pi presizeman nan Matisan, kidnape 2 moun ayè dimanch 30 avril 2023 a, se sa nou aprann. Viktim yo ki t ap sòti Okay t ap tante travèse « Var » la pou te rann yo Pòtoprens.

Aprè plizyè jou kidnapin nan te fè yon poze akòz mouvman popilè « Bwa Kale » ki genyen nan lari a aktyèlman kont gang yo k ap teworize popilasyon an, genyen 2 nouvo ka ki resanse. Malerezman idantite viktim yo pa revele.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Responsab APCH (Association des Proprietaires et Chauffeurs d’Haiti) Changeux Méhu ki konfime nouvèl la, rapòte nan laprès lokal « bandi kidnape 2 moun sila yo 30 avril a bò 3è nan aprèmidi ».

N ap raple, antre sid kapital la, nan zòn Matisan, se youn nan kote ki gen plis ensekirite sou tout teritwa a, an rezon gang k ap dirije la yo, pami yo bandi 5 Segond yo ki nan Vilaj de Dye, ki gen kòm chèf Izo. Chèf gang sila, nan yon mesaj li te voye bay popilasyon an dènyèman, te mande pou moun pa pase Matisan pou yo pa viktim nan afwontman yo genyen ak lapolis.

Depi plizyè jou Matisan anba kontwòl lapolis ki tou pwofite de mouvman « Bwa Kale » a pou pran plis teren ak mete kontwòl sou gang yo, patikilyèman ki nan Matisan, toutfwa sa pa anpeche kriminèl yo kidnape 2 nouvo moun ayè dimanch lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.