“Bwa Kale”: plizyè jenn fanm tounen sib yon pati nan popilasyon an

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
“bwa kale” plizyè jenn fanm tounen sib yon pati nan popilasyon an

Depi plizyè jou peyi d Ayiti an alèt avèk yon vas mouvman yon pati nan popilasyon an lanse kont ensekirite a ki batize « Bwa Kale ». Si bandi yo se prensipal sib antèt mouvman sila, plizyè jenn fi kòmanse sibi menm sò ak yo.

Omwen 2 fanm deja viktim nan kad mouvman « Bwa Kale » ki genyen nan lari a depi semèn pase a, nan antre sid kapital la, nan Kafoufèy ak nan Thor (Kafou). Yo akize yo gen lyen avèk bandi k ap teworize kapital la Pòtoprens ak zòn ki anviwonnen l yo depi kèk tan.

Plizyè videyo amatè menm montre nan Kafoufèy yon dam plizyè dizèn moun atake aprè yo te fin idantifye li kòm yon « madan bandi ». Tout sak nan men foul la te sèvi kòm zouti pou retire lavi li: manchèt, kle wou, kouto, wòch, moso fè, elatriye. Gen yon sekans ki menm montre y ap trennen kadav jenn fi aprè yo fin depatcha li ak kout manchèt.

Depi lendi 24 avril 2023 se pa de moun ki pa mouri nan Pòtoprens ak lòt awondisman teritwa a. Aprè yon kout filè lapolis nan Kanapevè te fè abò yon ti bis ki t ap sòti Petyonvil – kote l te arete 14 bandi ki te genyen zam, katouch ak lòt bagay sou yo, pèp la te met men sou yo epi touye ak boule yo – yon vas mouvman te lanse pou mache pran bandi yo kenpòt kote yo kache.

Depi lansman mouvman sila sa gen yon semèn de sa, plis pase yon swasantèn bandi ak konplis yo deja pèdi lavi yo. Pou kounya se medam ki pa dwat yo ki nan touman akòz popilasyon an di yo pa kite yo dèyè.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.