2 militè dominiken bat yon avoka paske yo panse li se yon Ayisyen

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
2 militè dominiken bat yon avoka paske yo panse li se yon ayisyen

An Repiblik dominikèn, 2 sòlda pase anba baton yon nonm jis paske yo panse li se yon Ayisyen ki san papye. Fausto Taveras se non sitwayen dominiken sa plizyè militè bat san yo pa t konnen kiyès li ye reyèlman.

Sou rezo sosyal yo, patikilyèman kay vwazen, yon videyo amatè montre omwen 2 militè ki t ap maltrete Fausto Taveras ki gen kòm pwofesyon avoka. Tout pandan yo t ap komèt zak la, viktim lan ak plizyè lòt moun ki te sou plas ap asiste t ap tante defann dwa l men malerezman sa pa t sèvi anyen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Militè dominiken yo te chwazi atake nonm lan jis paske yo te panse li se yon resòtisan ayisyen ki san papye sou teritwa dominiken an. Aksyon sila pase nan pwovens Valverde.

Divès asosyasyon ki regwoupe avoka kondane agresyon Mèt la epi mande pou lajistis fè travay li nan zafè sila, san konte yo mande pou ministè dominiken defans lan pran sanksyon kont militè sila yo ki patisipe nan maltrete avoka Fausto Taveras lan.

Si yon ankèt deja louvri pou fè limyè sou zafè sila, n ap pwofite bay alèt sou veritab kondisyon vi konpatriyòt ayisyen k ap viv kay vwazen yo ak tip tretman y ap sibi, kit yo legal oubyen ilegal. Anplis difikilte kèk nan yo ap rankontre chak jou pou reponn ak bezwen yo, yo souvan ekspoze ak move tretman otorite migrasyon yo, sitou depi lè prezidan Luiz Abinader te fin deklare bay Nasyonzini pyès moun pa p di l jan pou l jere peyi l. Rapatriman migran ayisyen yo lakay li p ap janm sispann.

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.