Nan Ouman, peyi Ikrèn, omwen 22 moun mouri byen bonè vandredi a nan yon seri atak Larisi mennen. Atak sila yo rive nan moman Kyèv di l pare pou mennen atak li yo kont Larisi.
« Preparasyon yo resi pran fen, » se te deklarasyon minis Defans Ikrèn nan, Oleksii Reznikov, sou gwo atak peyi li a vle lanse pou reprann teritwa ki okipe nan lès ak sid teritwa Ikrèn nan, yo anba kontwòl Larisi.
Kèk èdtan avan sa, plizyè misil kwazyè ris te frape plizyè imèb, epi koze lanmò omwen 20 moun nan Ouman, ki nan Sant peyi a, ak nan Dnipro (Sant Lès), daprè yon dènye rapò ki te pibliye jodia.
Nan Ouman, yon vil ki gen 80 000 abitan ladan li, jounalis AFP yo te wè yon misil kraze yon apatman devan zye yo, sekouris yo t ap rale kò moun ki mouri ak moun ki blese anba dekonm yo.
Facebook Comments