Melanje eleksyon ak ensekirite a pap bon ni pou Ayiti, ni pou pèp Ayisyen an, dapre Déus Deronneth

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
melanje eleksyon ak ensekirite a pap bon ni pou ayiti, ni pou pèp ayisyen an, dapre déus deronneth

Eleksyon an Ayiti souvan make pa ensekirite ak vyolans, epi dènye eleksyon yo pa gen okenn eksepsyon. Mete sou sa, depi aprè asasina Prezidan Jovenel Moïse an Jiyè 2021 an, peyi a plonje nan yon gwo kriz politik ak sosyal. Se nan kontèks sa Depite Marigo a Déus Deronneth, fè konnen gen kèk bagay ki dwe fèt avan eleksyon fèt nan peyi a.

Nan yon mesaj pibliye sou kont Twitter li, Koòdonatè Nasyonal Pati Politik EDEM, Déus Deronneth afime melanje eleksyon ak ensekirite a pap bon ni pou Ayiti ni pou popilasyon Ayisyèn nan. Se sak fè pwofesè a fè konnen gen kèk bagay ki dwe fèt avan eleksyon fèt nan peyi a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Gen kèk bagay ki dwe fèt avan eleksyon. Paske, melanje eleksyon ak ensekirite a pap bon ni pou Ayiti, ni pou pèp Ayisyen an », te ekri Déus Deronneth nan yon seri tweet, tout pandan li soutni se etadedwa k ap kreye eleksyon se bòn gouvènans ki kreye etadedwa.

« Fòk nou rekonsilye popilasyon an pou n ka fè eleksyon. Baz rekonsiliasyon an se sekirite », te konkli ekonomis la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.