Bandi asasinen 3 manm nan yon sèl fanmi epi boule yo

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
bandi asasinen 3 manm nan yon sèl fanmi epi boule yo

Bandi ak zam yo idantifye kòm manm gang « Kraze Baryè » chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije, fè 2 masak ant lendi 24 avril ak madi 25 avril 2023. Pandan fiziyad sa yo, yo touye 3 manm nan yon sèl fanmi epi yo mete dife sou yo nan zòn « Terre Boulée », yon lokalite ki sitiye nan Fort Jacques.

Enfòmasyon yo revele youn nan viktim yo rele Tenor, 2 lòt yo se yon frè l ak yon pitit gason l.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè lòt katye te sibi atak tou, tankou Dimisseau ak Duplan. Malfra yo touye epi boule yon jèn ti gason. Malgre viktim nan te sipliye yo

Paran jenn gason sa a pa t kapab òganize antèman li, paske li te boule nèt. Dram sa a te lakòz anpil eksitasyon nan Balagner, zòn natif natal viktim nan, yon lokalite ki pa twò lwen Chambon.

Depi aprè trajedi sa a, moun ki rete nan plizyè lokalite ap viv nan gwo laperèz. Yo mande otorite yo pran bon jan dispozisyon pou retabli lapè nan zòn sa yo ki tonbe nan men bandi san fwa ni lwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.