23 lane aprè, dosye asasina Jean Dominique lan toujou nan tiwa lajistis

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
23 lane aprè, dosye asasina jean dominique lan toujou nan tiwa lajistis

Nan aprèmidi 3 avril ane 2000, endividi ak zam asasinen jounalis epi pwopriyetè Radio Haïti Inter lan, Jean Léopold Dominique, ansanm ak tout gadyen espas la, Jean Claude Louissaint. 23 lane aprè, dosye sa toujou rete bloke nan tiwa lajistis ayisyèn ki poko janm di dènye mo l.

Jean Léopold Dominique ki te yon selebrite nan zafè medya an Ayiti pandan peryòd vivan li an, rete jiska jounen jodia kòm yon senbòl nan kesyon enpinite k ap taye banda sou tout fòm anndan peyi an. 3 avril ane sa fè egzakteman 23 lane depi fanmi, zanmi, pwòch jounalis la pa sispann mande jistis depi aprè zak sasinay sa.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si premye moman yo aprè lanmò jounalis la te montre anpil espwa, sitou avèk ankèt ki te louvri bò kote Lapolis ki te detèmine pou jwenn koupab yo, 23 lane aprè, pyès moun pa konnen rezon ak kiyès reyèlman ki ta touye Jean Dominique malgre tout vwa ki te leve nan sosyete an pou kondane zak sa epi fòse lajistis jwenn epi pini asasen yo.

Yon lòt fwa ankò, kòporasyon medya yo, pwòch ak fanmi viktim lan, pral gen pou komemore 3 avril sa asasina brital Jean Léopold Dominique ki te tonbe anba bal ak tout gadyen li, Jean Claude Louissaint, sou lakou Radio Haïti Inter lan ki te twouve l sou wout Dèlma a.

Sòti avril ane 2000 pou rive jiska jounen jodia, pou pi piti 17 jij enstriksyon deja pase sou dosye sa ki pami pi gwo tès sistèm jidisyè ayisyen an konnen sou trant dènye ane sa yo. Venntwa lane aprè, dosye asasina Jean Dominique lan twouve l bloke nan Kou kasasyon aprè prensipal akize an, Mirlande Libérus Pavert, ta rekize Kou dapèl Pòtoprens ki te gen chaj dosye sa.

Nan yon òdonans jij Yvickel Dabrésil ta pral rann nan dat 17 janvye 2014, ansyen senatè Lavalas la, Mirlande Libérus Pavert, ta pral idantifye kòm otè entèlektyèl asasina jounalis Jean Dominique lan. Daprè deklarasyon yon ansyen responsab sekirite nan Palè nasyonal sou dezyèm manda Jean Bertrand Aristide lan, Madam Pavert te vle fèmen bouch jounalis la ki te pale twòp koze.

Sòti fevriye 2011 pou rive me 2014, Kou dapèl Pòtoprens tande nan kad dosye sa plis pase yon ventèn pèsonalite, enkilpe ak temwen, pami yo de ansyen prezidan, Jean Bertrand Aristide ak René Garcia Préval ki ta pral mouri malerezman kèk lane aprè. Akote rejim enpinite an, dosye asasina Jean Dominique lan fè fas egalman ak pwoblèm sistèm jidisyè ayisyen an ki pa p fonksyone depi kèk tan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.