284 kretyen mouri pandan yon jèn nan yon raje pou yo te ka wè Jezi

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
284 kretyen mouri pandan yon jèn nan yon raje pou yo te ka wè jezi

284 kretyen jwenn lanmò yo nan yon raje pandan yo t ap jene pandan plizyè jou pou yo ka wè Jezi. Premye envestigasyon lapolis rapòte se fòse yo te fòse fidèl yo pou yo te ka fè jèn sila jiskaske pi fò nan yo mouri.

Nan kòmansman semèn lan, otorite yo nan Kenya, nan Afrik Lès, enfòme kantite manm prezime yon sèk kretyen ki t ap jene jiskaske yo mouri nan forè Shakahola. Yo te fè jèn sila nan lide pou yo te ka wè Jezi. Otorite polisyè yo enfòme yo jwenn plizyè lòt kadav.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jèn sila ki vire an trajedi te kòmanse depi nan mwa avril pase. Jiska jounen jodia, se sèlman 35 sispèk ki anba kòd nan zafè sila ki batize « masak Shakahola » a, san konte toujou genyen 613 moun ki toujou rete disparèt.

Lendi 12 jen an, 65 viktim yo te rive nan forè sila te parèt devan lajistis pou reponn kesyon paske yo te vle touye tèt yo nan pa manje pandan yo te nan yon sant sekou. Pakè Shanzu a, ki se yon vil kotyè Mombasa, depoze yon rekèt pou plase yo nan detansyon pwovizwa paske sant lan paka kenbe yo ankò.

Lajistis fè konnen y ap mete yo nan prizon, la a y ap tou ka evalye mantal ak fizik yo. Yo konsidere yo kòm sispèk tantativ swisid.

Prèske tout moun ki mouri nan « masak Shakahola » a tou tere nan divès tonb ak fòs komin ki te nan raje Shakahola a, eksepte kèk grenn k al mouri sou kabnn lopital an rezon eta sante yo ki grav.

Yon lòt kote, plizyè otopsi yon santèn kò montre gen timoun pami yo, yo te gen tras etrangleman anba kou yo ak siy yo pa t manje. Kidonk anketè yo sijere yo te fòse fidèl yo fè jèn lan menm si yo te vle abandone.

Nan tèt eskandal sila genyen chèf sèk la, pastè Paul MacKenzie Nthenge, madanm li ak 16 lòt fidèl. Tout nan prizon depi 3 me pase a. Pastè sila te deja pran prizon nan mwa mas pase aprè yo te akize l nan lanmò 2 timoun nan menm sikonstans lan, men lajistis te libere l sou kosyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.