Leta ayisyen pran inisyativ pou fèmen pòt plizyè òfelina ki pa an règ

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
leta ayisyen pran inisyativ pou fèmen pòt plizyè òfelina ki pa an règ

Pandan dènye mwa sa yo, gouvènman ayisyen an fè kou l konnen pou fèmen pòt plizyè santèn òfelina k ap fonksyone nan dezòd nan kapital la, Pòtoprens, ak zòn ki rekile yo. Daprè yon rapò, pi fò nan yo repite kòm kote ki genyen travay fòse, move trètman ak abi fizik kou seksyèl sou timoun.

Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR), pami kèk lòt òganizasyon, revele se sèlman 35 nan 754 òfelina k ap fonksyone sou teritwa a ki respekte nòm ki pi piti yo. Chif sila – ki revele depi 2018 – reprezante mwens 5% ki kòrèk pou fonksyone.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sou plizyè santèn òfelina sila yo, genyen anviwon 30 mil timoun k ap viv ladan yo, plizyè nan yon seri kondisyon ki pa akseptab ditou. E pi fò òfelina sila yo se prive, daprè IBESR.

Lè y ap mennen divès ankèt, travayè sosyal kèk ONG k ap defann dwa timoun konn monte al nan tèt mòn byen lwen pou y al pantan sou kèk òfelina ki bati, epi yo plase timoun ladan yo alòske paran yo pa konnen. Konsa tou, genyen lòt se akòz vyolans nan kominote yo oubyen yo pèdi kontak paran yo ki fè yo rive la.

Majorite òfelina yo konstwi aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te ravaje peyi d Ayiti epi touye omwen 200 mil moun. Nan kèk mwa aprè, nonb òfelina ki konstwi yo te pase ak 150%, sa ki ogmante chif kantite timoun k ap sibi move tretman, travay fòse ak abi nan sosyete ayisyèn lan.

Kòm repons, Leta ayisyen atravè Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch (IBESR), te entèdi konstriksyon nouvo òfelina sou teritwa a epi fèmen plizyè lòt ki te ekziste deja.

Toutfwa, daprè Lumos – ki se yon gwoup ki pa likratif epi k ap travay nan ede timoun òfelina yo nan mond lan rejwenn fanmi yo – fèmen òfelina yo se yon gwo danje paske an premye se ladan l mèt yo fè kòb ak resevwa gwo don ki sot aletranje.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.