3 Ayisyen san papye mouri epi 14 lòt blese nan yon aksidan an Repiblik dominikèn

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
3 ayisyen san papye mouri epi 14 lòt blese nan yon aksidan an repiblik dominikèn

Twa moun pèdi lavi yo epi 14 lòt sòti blese nan yon aksidan sikilasyon an Repiblik dominikèn. Enfòmasyon yo rapòte viktim yo nan aksidan sila ki fèt wikenn pase a nan kominote Lozano ki twouve l nan Montecristi se ayisyen san papye.

Ayisyen sila yo t ap vwayaje abò yon Toyota Highlander. Daprè ankèt ki mennen bò kote otorite dominiken yo, viktim yo te antre ilegalman nan teritwa dominiken an. Pandan pakou yo, nan yon twonson wout nan La Capitalina, chofè a pèdi kontwòl machin lan epi al kraze ak tout pasaje yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

3 mouri sou plas, epi plis pase yon dizèn lòt blese, pami yo yon timoun. Tout t al pran swen nan divès sant sante ki nan pwovens Castañuela la. Pi fò nan Ayisyen sa yo sove lopital akoz yo pè pou migrasyon an pa t vin arete yo la.

Pou kounya otorite yo ap mennen ankèt sou machin lan ki nan yon komisarya polis, epi sou idantite chak grenn moun ki te abò machin sila ak moun ki t ap kondwi yo a. Men plizyè vèsyon rapòte, viktim yo te sòti Dajabón pou ale nan vil Santiago ilegalman.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.