Dosye Legliz Episkopal : Lapolis ap chache kou chen fou Johnny Docteur

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
dosye legliz episkopal lapolis ap chache kou chen fou johnny docteur kredi foto pnh

Lapolis Nasyonal Dayiti lanse yon avi rechèch dèyè Johnny Docteur nan kad envestigasyon lajistis ansanm ak lapolis ap mennen sou aparisyon mago zam ak minisyon yo te sezi nan Waf Pòtoprens lan nan jou jedi 14 jiyè 2022 pase a ki enplike Legliz Episkopal Dayiti (EEH).

Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) pibliye yon avi rechèch nan degwann Johnny Docteur pou trafik zam, blanchiman lajan, blanchiman fo lajan, levasyon taks, kontrebann ak asosyasyon kriminèl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Misye Johnny Docteur se yon anplwaye Ministè Finans. Jij Marthel Jean Claude te konvoke l mèkredi pase a pou yon odyans nan kad ankèt ki te tanmen sou dosye trafik zam ak minisyon ki enplike Legliz Episkopal la. Yo te entèdi l tou pou l kite peyi a, daprè enfòmasyon redaksyon an te resevwa.

Avi rechèch lapolis lanse nan degwann misye Jhonny an debouche yon lòt tòde nan zafè trafik zam ak minisyon ki nonmen non Legliz Episkopal byen fò a. Daprè enfòmasyon redaksyon an te resevwa, Johnny Docteur, ki se yon anplwaye Depatman Franchiz Ministè Finans, pa gen okenn dwa pou kite peyi a, kèlkeswa kote lapolis ta kwaze l, li dwe anba kòd.

Daprè yon sous ki pwòch dosye a, Johny Docteur te konvoke depi 17 me sa a anba lòd jij Marthel Jean Claude nan kad dosye episkopal la pou odyans lan.

Toujou daprè enfòmasyon yo, enkilpe a ta patisipe nan falsifikasyon franchiz Legliz Episkopal la pou l te fasilite rantre kagezon zam ak minisyon otorite yo te sezi a.

Nou dwe raple tou, DCPJ deja arete plizyè moun nan wo nivo Konferans Episkopal la pou swadizan patisipasyon yo nan dosye sa a.

 

Kredi Foto: PNH

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.