Civil Kenia pèdi lavi l pou swen li pa t ka jwenn akoz 4000 pyas paran l te manke

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
civil kenia pèdi lavi l pou swen li pa t ka jwenn akoz 4000 pyas paran l te manke

Yon jèn aspiran enfimyè ki nan 4èm ane syans enfimyè pèdi lavi l jou ki te madi 23 me 2023 a, nan yon lopital nan Sid peyi a (Okay). Daprè enfòmasyon plizyè sous lokal konfime redaksyon NetAlKole Média, pami yo DVH INFOS, viktim lan mouri akoz paran l te manke 4000 pyas pou te pèmèt li jwenn laswenyay.

Se depi yon bon bout tan pasyan ap plenyen kont move tretman y ap sibi nan lopital yo. An Ayiti, depi w manke yon goud lesko sou kòb operasyon w, se lanmò ki dwe vizite w, alevwa ou pa ta gen yon goud nan pòch ou. Dram sa pase Okay kote yon jèn aspiran enfimyè ki nan 4èm ane pèdi lavi l paske paran l te manke 800 mizerab dola ayisyen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou daprè sous yo, swen Civil Kenia a te dwe koute 17 500 goud. Akoz paran l yo te manke 4000 goud, doktè nan lopital La Place yo pa t okipe l kou chen, ni entèrese ofri l lavi, malgre viktim lan te gentan nan sal ijans.

Paran demwazèl la nan lapenn. Yo pa gen fòs ankò pou kenbe kò yo paske dram lan aji fò sou yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.