3 jou grèv jeneral ak 2 jounen Manifestasyon anonse nan peyi a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
3 jou grèv jeneral ak 2 jounen manifestasyon anonse nan peyi a 

Fwon Ini Transpò ak Travayè Ayiti (FUTRAH), anonse 3 jou grèv jeneral  apati lendi 26 septanm 2022 sa, nan peyi a. Aprè 3 jou grèv jeneral sa, yo anonse 2 jounen manifestasyon yon fason pou yo mande Gouvènman Ariel Henry a pou li  rekonsidere desizyon li pran pou ajiste pri gaz nan ponp yo. 

Daprè Montès Joseph, responsab FUTRAH, popilayson Ayisyen an pa dwe kanpe mobilizasyon yap fè pou egzije Gouvènman ki la tounen sou desizyon li, ki se monte pri pwodwi petwòl yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se sak fè, responsab estrikti sa anonse  3 jou grèv jeneral,  lendi 26, madi 27 ak mèkredi 28 septanm nan peyi a.  Aprè 3 jou grèv sa yo, mouvman manifestasyon yo ap kontinye.  « Jedi 29 ak Vandredi 30 ap gen yon gwo manifestasyon pou mande Premye minis Ariel Henry pou li revize desizyon li pran pou monte pri gaz nan ponp yo », te fè konnen Montès Joseph. 

Nap raple  depi preske 2 semèn  Gouvènman Ariel Henry a te pran desizyon pou yo ogmante pri gaz nan ponp yo, yon desizyon ki pat fè popilasyon Ayisyen plezi.  Se sak fè plizyè jou manifestasyon ak « peyi lòk » te  demare sou tout teritwa nasyonal la pou mande pi bon kondisyon lavi,  pou mande gouvènman pou li desann pri gaz yo epi pou mande depa Ariel Henry nan tèt pouvwa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.