Tigwav : chèf pakè a vizite prizon sivil la epi lage 2 prizonye

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Guyto Mathieu

Ayè dimanch 25 septanm 2022 a, Komisè Gouvènman pou jiridiksyon Tigwav la, Mèt Pierre Elioth Paul, te vizite prizon sivil komin nan, nan lide pou obsève eta sante prizonye yo ak kondisyon lavi yo, li te pwosede ak vizit sa tou pou l te wè nan ki pwen li ta ka dekonsantre selil yo, nan batay k ap mennen kont detansyon prevantif pwolonje a. 

Depi rive li nan selil yo, li te pwofite poze kesyon ak yon gwoup prizonye  ki tap soufri ak divès maladi, Daprè konsta komisè a di li fè, prizonye sa yo pa resevwa okenn swen men yo toujou fèmen yo andedan selil yo. Pandan vizit sa a, chèf pakè a ta pral blije libere 2 nan yo ki te pi grav, Toutfwa responsab yo pat deside revele non prizonye yo, men, yo 2 a te arete pou vol. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kòm rezilta, li te bay ofisye yo lòd pou yo kouri lopital ak prizonye ki tap soufri depi plizyè ane malad yo epi kap viv nan move kondisyon. 

Komisè a pandan yon pwen pou laprès, pwomèt apati jodi lendi 26 septanm 2022 a, li pral òganize yon odyans koreksyonèl espesyal nan Komisarya Tigwav la, pou diminye kantite prizonye ki Lobenson nan prizon an. 

Nap raple, vandredi 23 septanm pase a, 2 prizonye te pèdi lavi yo swit ak menm pwoblèm sante yo, responsab yo te lanse yon alèt an ijans pou 5 lòt prizonye ki te nan yon eta kritik, 2 pami yo jwenn chans al jwenn fanmi yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.