3 manm yon sèl fanmi mouri nan yon aksidan Bèladè 

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
3 manm yon sèl fanmi mouri nan yon aksidan bèladè 

Nan kòmansman semèn nan, 3 moun mouri nan zòn Bèladè, nan depatman Sant peyi a, suit ak yon aksidan motosiklèt. Tout se manb yon sèl fanmi, daprè sa nou aprann.  

Fonise Cius, Habaccuc Victor ak Foudainsky Victor, se non moun ki mouri yo, pami yo 2 frè, aprè yon motosiklèt ki t ap transpòte yo te rantre an kolizyon avèk yon machin, nan lokalite “Croix-fer”, yon komin Bèladè.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè enfòmasyon nou rive jwenn pa bò kote fanmi viktim yo, tou lè 3 se moun Laskawobas, yo t ap sot Bèladè pou rantre lakay yo lendi 7 Novanm 2022 a. Yon jij de pè, ki se Endriche Noël, te fè konsta 3 kadav yo epi bay lòd pou leve yo. 

N ap raple, STOP-Accidents, ki se “Services Techniques et Opérationnels pour Pallier au Accidents”, toujou mande moun kap itilize wout yo pou yo fè atansyon pou diminye risk aksidan an Ayiti, malgre sa chak semèn vwa piblik la toujou resanse nouvo ka aksidan ki fè mò ak blese, pami kèk lòt domaj. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.