Trafik dwòg ak finansman gang : Lèzetazini di li gen bon jan dokiman sou Youri Latortue ak Joseph Lambert 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
trafik dwòg ak finansman gang lèzetazini di li gen bon jan dokiman sou youri latortue ak joseph lambert 

Chaje dafè ameriken Eric Stromayer deklare madi 8 Novanm nan peyi Lèzetazini genyen yon dosye ki byen detaye sou 2 premye politisyen yo anonse sanksyon kont yo a, nan referans ak Youri Latortue epi Joseph Lambert, ki gen men yo tranpe nan koripsyon ak move zak nan peyi d Ayiti. 

Pandan yon antretyen avèk Televizyon Nasyonal d Ayiti (TNH) semèn pase a, diplomat la te deja avèti tout aktè politik ak ekonomik ki gen men tranpe nan sitiyasyon peyi a k ap degrade, ap gen sanksyon ki pran kont yo. Li te menm ale pi lwen pou di genyen nouvo dispozisyon ki pran pa bò kote plizyè peyi manb Nasyonzini pou sezi avwa ak byen moun sila yo genyen nan lòt peyi.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ayè madi a nan yon antrevi ak jounal Le Nouvelliste, Mesye Stromayer te retounen sou sanksyon Lèzetazini ak Kanada pran kont ansyen senatè Youri Latortue, ak Joseph Lambert ki nan tèt ti rès palman. Li fè konprann akizasyon sila yo pa fèt konsa konsa, Lèzetazini gen bon jan dokiman ki pwouve enplikasyon 2 responsab yo nan trafik dwòg ak nan finansman gang pou simaye latwoublay sou teritwa nasyonal la. 

“Sitiyasyon sanitè ak zafè ensekirite a ki grav anpil an Ayiti preyokipe Lèzetazini anpil.   Peyi a rive nan yon sitiyasyon ki pa bon ditou ak ensekirite toupatou, kote kriminèl yo bloke ak limite aksè nan gaz epi kenbe èd imanitè an otaj. 

Nou fè pati yon gwo efò entènasyonal pou rezoud pwoblèm nan. Yon ti kantite elit politik, biznis ak sosyal an Ayiti ak aletranje ap kenbe peyi a an otaj pou pwòp benefis pa yo. 

Yo sèvi ak soufrans pèp la pou ranpli pòch yo oswa reyalize anbisyon politik yo. 

Etazini detèmine pou rann kriminèl sa yo responsab.

Depatman Deta Ameriken an deja enpoze restriksyon viza kont moun ki komèt ak ankouraje vyolans yo. 

Nou pral anpeche aktè malveyan sa yo ak manm fanmi yo antre Ozetazini. N ap kontinye ajoute non nan lis la pandan n ap idantifye moun ki responsab sitiyasyon trajik sa a. Gen lòt sanksyon nou pral pran”, sa se yon pati nan deklarasyon diplomat ameriken an, ki fè konnen Tonton Sam detèmine pou l soutni gouvènman ayisyen an pandan l ap chèche evite pou kolera pa tounen nan peyi d Ayiti, epi reponn prese prese ak bezwen pèp la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chaje dafè ameriken Eric Stromayer mande pou tout Ayisyen mete divizyon yo a kote mou rezoud kriz la k ap pran teren de jou an jou. N ap raple, pa bò kote pa yo, Youri Latortue ak Joseph Lambert estomake aprè desizyon Lèzetazini ak Kanada pran pou aplike sanksyon kont yo menm ak fanmi yo. 

Gouvènman ameriken an revele aktyèl senatè Sidès la Joseph Lambert sèvi ak pozisyon politik li yo pou fasilite trafik kokayin sòti an Kolonbi pou rantre an Ayiti pandan de deseni. “Animal politik” la gen men tranpe nan zak vyolans tou, tout sa yo pou destabilize peyi a. 

Tonton Sam kontinye pou di Youri Latortue, lidè pati politik « Ayiti an aksyon » (AAA), ap patisipe depi lontan nan aktivite trafik dwòg. Li te tou fè trafik kokayin sòti an Kolonbi antre Ayiti e li te bay lòd pou lòt moun komèt zak vyolans sou non li, se poutèt sa Lèzetazini ak Kanada jele byen li yo.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

An reyaksyon, Youri Latortue te pran desizyon pou retire kò l nan antrepriz kote li afilye yo epi anonse l ap defann li devan lajistis, epi senatè Joseph Lambert di li pran angajman tou pou li goumen kont deklarasyon ak sanksyon sila yo devan tribinal. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.