Aktivite banditis yo ki tabli kò yo sou tout etandi teritwa a pa sispann lonje lis konsekans li genyen sou peyi a ak sila k ap viv ladan l yo, e malerezman timoun yo pa epanye. Akoz yo vilnerab, timoun yo plase nan premye lis viktim ensekirite a, aprè fanm ak tifi yo.
Fon Nasyonzini pou Anfans (UNICEF) fè konnen nan yon rapò, se 30% timoun anplis ki pral soufri grangou jounen jodia akoz vyolans bandi ak zam ap fè sou teritwa a, patikilyèman nan zòn kote yo tabli baz yo.
“Ogmantasyon vyolans ak zam yo pa bò kote pa yo lakoz chif moun ki grangou yo vin pi grav”, Nasyonzini alète. “30% timoun anplis pral touche ak malnitrisyon sevè”, li kontinye pou di.
UNICEF di li gen anpil enkyetid fas ak chif sila yo ki pa sispann ogmante. Yo pase de 87 mil a 115 600 timoun k ap soufri akòz malnitrisyon grav.
N ap raple, plizyè zòn nan kapital la, sitou « zòn wouj » bandi ap kontwole yo, genyen anpil moun k ap soufri grangou, sitou timoun. Akoz metòd operasyon gang ki la yo, moun paka gen aksè an pèmanans ak èd imanitè. San konte entèvansyon ONG yo nan zòn sila a prezante anpil risk pou manm ekip donatè yo.
Facebook Comments