34 pèsonalite ayisyen pral patisipe nan yon reyinyon CARICOM ap òganize sou kriz Ayiti a nan peyi Jamayik

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
34 pèsonalite ayisyen pral patisipe nan yon reyinyon caricom ap òganize sou kriz ayiti a nan peyi jamayik

Plis pase yon trantèn pèsonalite ki jwe yon wòl enpòtan sou sèn politik nan peyi a ap gen pou rann yo Jamayik pou yon bat bouch sou envitasyon CARICOM, nan lide pou wè si yo ka jwenn yon solisyon ak kriz Ayiti ap travèse a.

11,12 ak 13 jen k ap vini la, Kominote Karayib yo (CARICOM oubyen CC) ap lanse yon dyalòg ant ayisyen pou wè si kriz sosyopolitik k ap sakaje bil teritwa a depi kèk tan an ka sispann. Aktè politik yo jwe yon wòl primòdyal nan echanj ki prevwa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè pèsonalite jwenn envitasyon pou vin chita arebò tab diskisyon yo k ap kòmanse dimanch 11 jen k ap vini la. Pami yo Premye minis peyi a Ariel Henry, Prezidan Wo konsèy tranzisyon an Mirlande H. Manigat, kèk lidè pati politik, tankou Moïse Jean Charles, Claude Joseph, Clarens Renois, Edgard Leblanc Fils, Maryse Narcisse, Tedd St Dic, defansè dwa moun Pierre Espérance, ak kèk lòt moun ankò.

Aktè sila yo pral brase lide sou sa k ap pase Ayiti depi kèk tan kote l bloke akoz yon kriz politik ki anpeche l avanse nan prèske tout bagay, san konte zafè ensekirite ak gran banditis la k ap fè ravaj pa bò kote pa l.

Envite yo ap kapab vini ak yon lòt moun yo chwazi, daprè lèt envitasyon CARICOM lan. Anyen p ap sou kont yo, tankou frè otèl, manje, biyè avyon, elatriye. Plizyè moun swete diskisyon sila a senbolize yon gwo avanse nan solisyon k ap chache depi kèk tan pou retire Ayiti nan sa l ye la a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.