Sèvis nasyonal sante a (SNS) konfime ayè lendi 17 avril la genyen 34 “nouvone” ki mouri nan Lopital matènèl ak enfantil San Lorenzo de Los Mina, an Repiblik dominikèn, akòz yon swadizan “epidemi enfeksyon” pandan mwa fevriye a.
Daprè direktè matènite ak anfans ak adolesan yo ki nan SNS, Doktè Martín Ortiz Garcia, “ta sanble gen yon timoun ki kontamine ak yon bakteri oubyen yon viris” ki antre nan sèvis newonatoloji lopital yo a, epi ki koze lanmò tout timoun sila yo.
Responsab la fè konnen “swa timoun sa sòti nan yon lòt lopital oubyen li fèt nan sant pa yo a men manman an genyen yon enfeksyon irinè oubyen yon lòt fòm enfeksyon”.
23 nan nourison yo se pou manman dominikèn epi 11 lòt yo se pou manman ayisyèn.
Genyen 6 ti bebe ki mouri akòz yon emoraji entèn, 7 akòz yon kadyopati konjenital konplèks, 4 akòz yon asfiksi perenital, youn akòz yon sendwom aspirasyon mekonyal, 2 akòz yon septismi newonatal, youn akòz divès brile dezyèm degre, 4 akòz yon kowagilasyon entra vaskilè epi 4 lòt akòz sendwom detrès respiratwa.
Fas ak sitiyasyon sila, otorite yo nan SNS ak nan Asosyasyon medikal dominikèn (CMD), ki sou direksyon Senén Caba, ak direktè matènite San Lorenzo de Los Mina yo, tanmen bon jan chita pale an ijans nan lide pou kreye yon komisyon k ap gen pou misyon verifye rejis nesans ak mòtalite newonatal yo ki anrejistre nan sant sante sila pou jwenn orijin dram sila.
Facebook Comments