Pyès Goud la finalman ap disparèt, moun pa prezante sa nan figi moun

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
pyès goud la finalman ap disparèt, moun pa prezante sa nan figi moun

Sa fè plizyè lane depi ekonomi ayisyèn nan ap pran frap akòz kriz sosyopolitik la, san konte ensekirite a k ap taye banda sou teritwa a. Tout sa yo okazyone vi a vin pi chè, alòske popilasyon an nan gwo difikilte pou reponn ak bezwen kotidyen l.

Nan tout kalamite sa yo, goud la, ki se monnen nasyonal la, pèdi tout sans ak tout valè l kòm monnen nasyonal.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Wi, pi piti pyès monnen ki t ap tante fè rezistans lan, goud la (pa lwen) mouri. Si lontan yo te konn itilize l pou achte ak remèt monnen, elatriye, pou kounya menm moun k ap mande nan lari prèske pa vle resevwa li ankò. Yon pratik ki asasinen tou kanpe pyès 10 kòb, 20 kòb ak 50 kòb la nan dènye ane ki sot pase yo.

Pou kounya si yon moun genyen lajan ki konpoze an monnen goud nan men l sèlman, li riske paka achte avèk li oubyen itilize l, depandaman de kote li ye a, akòz se sèlman labank, nan sipèmache (market), ak lòt gwo antrepriz komèsyal, ki bay ak resevwa yo sèlman.

Kote ki pa itilize goud yo, lèw achte yon bagay pou kounya, swa yo di w pa gen monnen pou w ka kite ti sa ki rete a pou yo, nan ka kontrè a yo ka chwazi di w dwe yo si se yo k ap ba w plis monnen.

Nan yon lòt bò, pou peye machin, achte nan men ti machann k ap pwonmennen, achte nan boutik ak nan lari, pyès goud la pa gen valè, pa lonje l sou moun, yo va fè w malonèt avèk li. Se yon kesyon adoken (5 goud) pou pi piti, ou ka lonje bay yon moun kòm monnen pyès, aprè sa se lajan papye. Malgre sa, si w bay twòp adoken y ap plenyen ba w, sa ki se yon siy pyès 5 goud la pa lwen pase anba menm tray la.

Fas ak goud la ki pèdi valè l, pa sèlman devan dola ameriken an men nan zye pwòp pèp li, Bank santral pa janm pwononse l sou sa, epi li pa janm fè anyen pou sove senbòl lajan ayisyen an ki se “goud” la, alòske se menm li menm ki kontinye mete pyès sila sou mache a pou li sikile.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.