Nouvo metòd bandi yo itilize pou batay ak Lapolis

NetAlKole Publication
ParNetAlKole Publication
nouvo metòd bandi yo itilize pou batay ak lapolis

Batay kont ensekirite a ap rapouswiv avèk anpil difikilte nan peyi d Ayiti kote bandi yo, anplis yo kontwole anpil teritwa a, devlope plizyè estrateji pou fè fas ak fòs lòd yo.

Nan plizyè zòn gang kontwole yo, prensipalman rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH), nan entèvansyon li yo, toujou genyen anpil difikilte pou li rantre nan baz bandi yo, sitou akoz fèb mwayen li genyen, kontrèman ak gang yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kèk katye tankou Site Solèy, Lasalin, Delma 2, Tosèl ak Pènye, Kanaran, Matisan sitou Gran Ravin ak Vilaj de Dye, pou n site sa yo sèlman, òlalwa yo itilize plizyè metòd pou bare fòs lòd yo tankou fouye twou epi bare yo ak zèb, bwa, dra oubyen prela. Konsa tou yo fè yon seri polis kouche ki wo anpil ak rigòl ki fon nan lide pou fòse machin ralanti oubyen kole.

Nan kèk zòn tankou Kanaran ak Vilaj de Dye – ki se 2 alye kle nan ensekirite a, youn ap kontwole antre nò kapital la, pandan lòt la nan antre sid la – bandi yo itilize koktèl molotov¹ pou atake veyikil polisye yo lè genyen yon entèvansyon. Konsa tou yo konn plase bonbòn gaz pwopàn kòm pèlen pou fòs lòd yo. San nou pa kite dèyè zafè dwòn bandi yo genyen ak kamera siveyans yo plase nan kèk zòn y ap opere, pou plis kontwòl.

Plizyè sekans videyo montre kijan bandi yo konn plase bonbòn sou wout cha lapolis yo konn pase lè y ap fè entèvansyon, oubyen kijan yo konn atake yo ak koktèl molotov. Si nan yon premye tan polisye yo te konn pran nan kou sila yo, pou kounya yo pi pridan.

N ap raple, anplis pratik movèz fwa sila yo, gwoup kriminèl sa yo ki okipe yon bon pati nan teritwa a, kenbe popilasyon an an otaj kote yo menm genyen pi gwo zam pase PNH la. Malgre enstitisyon an genyen lòt tip materyèl, sa pa anpeche gang yo fè plis viktim toujou nan mitan popilasyon an ak anndan enstitisyon Lapolis la egalman.

1- Yon boutèy vè ki gen yon likid ki ka pran dife ladan l tankou esans oubyen alkòl, epi yon mòso twal ki sèvi mèch pou mete dife a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article