Jodi mèkredi 7 septanm lan resi rive aprè lidè Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles, te anonse l ap foule beton an nan Pòtoprens nan lide pou te rele chalbare dèyè bank yo k ap fè pèp ayisyen an monte lesyèl pa do.
Aprè l te fin rasanble plizyè milye moun nan Kap Ayisyen, nan nò peyi a, Mòy te deklare l ap swiv menm liy lan pou Pòtoprens pou denonse pwopriyetè bank yo ki pran plezi nan bay dola plis valè pase goud la sou teritwa epi lakòz monnen nasyonal la ap pèdi valè chak jou, san konte mezon transfè yo ak kèk bank kenbe lajan ameriken an otaj.
« N ap chavire sistèm nan », se te deklarasyon ansyen senatè Nò a, semèn pase a Okap aprè l te fin mete pèp la nan lari.
Pou kounya Moïse Jean Charles pral fè vwa l pase nan kapital la, Pòtoprens, kote plizyè patizan ak senpatizan te deja deklare y ap tann li. Yo pral rele anmwey dèyè sektè bankè a nan peyi a, se ap okazyon tou pou yo pase pran Premye minis defakto Ariel Henry ki pa p regle anyen serye nan tèt gouvènman. Pwotestatè yo ap tou denonse tou ensekirite ak lavi chè a l ap kalonnen pèp la epi gaz ki pa genyen sou teritwa.
Fas ak mobilizasyon sa, n ap raple Asosyasyon Pwofesyonèl Bank yo (APB) te menase y ap tradwi ansyen senatè a lajistis pou ensitasyon ak vyolans, ak si youn nan enstitisyon ki regwoupe anndan l yo, oubyen yon anplwaye ta viktim. APB te fè menas sila aprè kèk manifestan te deklarasyon nan prezans Moïse Jean Charles y ap boule plizyè bank tankou Sogebank, Unibank, BUH, elatriye, si yo pat estabilize mache a.
Facebook Comments