Plis pase yon santèn abitan nan vil jakmèl te montre kòlè yo ayè madi 6 septanm 2022 a, pou denonse fenomèn blakawout la nan plizyè kwen nan vil la mete sou gaz la ki pa disponib andedan ponp yo men kap vann tèt nèg nan lari a.
Barikad te monte 17 wotè ayè madi a nan plizyè kwen nan vil Jakmel la, kapital depatman Sidès peyi a. Manm popilasyon vil Powèt yo te frape fò nan sousi pou kontinye mande elektrisite nan vil la ansanm ak disponiblite gazolin nan ki pa prezan nan ponp yo depi kèk tan, selon sa jounalis Élie Lorvéus te rapòte
Toujou daprè jounalis la Elie Lorvéus, Korespondan Radyo « Caraïbes FM » revandikasyon popilasyon an rete menm jan : Pou denonse lòt bagay tankou; » rate gaz, mache nwa ak move jesyon gouvènman la ». Li te pale konsa.
Mete sou sa, Jakmelyen yo pèsiste sou zafè blakawout la ki patisipe anpil nan ensekirite kap travèse vil la depi prèske yon mwa, depi lè sa a, kliyan EDH yo pa resevwa okenn eksplikasyon nan men responsab elektrisite Ayiti nan Jakmèl la, toujou daprè kòlèg nou.
Pandan tout pakou mouvman an, gen kèk nan revandikatè yo ki atake bank komèsyal yo, yo di peze kou yo pa mwayen transfè lajan ki soti lòtbò dlo.
Pou te mete fen, yo fè konnen toutotan yo pa satisfè ak satisfakyon yo, yo pap djougan paske yo merite viv byen epi jwenn aksè ak tou sa yo dwe genyen kòm moun.
Facebook Comments