Eddy Labossière fè konnenenjeksyon BRH ap fè yo se nan avantaj moun ki lakoz goud la pèdi valè l la

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
Kredi Foto : Haiti 24

Ekonomis Eddy Labossière te pase nan emisyon « Le Rendez-vous avec Volcy », madi 6 septanm 2022 sa.  Ekonomis lan te pale sou pwoblèm echanj lajan an ak espekilasyon bank komèsyal yo fè sou mache deviz la. Li te fè konnen tou Ayiti se youn nan kèk peyi kote bank yo gen yon pwofi trè wo epi popilasyon an ap viv nan mizè.

« Se pa sèlman pwodiksyon an. Youn nan gwo faktè yo konsidere se espekilasyon Bank yo ki kite mache fòmèl la pou vann dola a sou mache enfòmèl la. BRH pa ka kite bank yo patisipe nan pratik sa a pou achte ak revann dola a. Se yon krim ekonomik », selon deklarasyon ekonomis Labossière, nan emisyon « Le Rendez-vous avec ASSAD Volcy ».

Mete sou sa espesyalis la di pratik sa a ki se achte ak revann dola a se youn nan gwo sous richès pou bank komèsyal yo jodi a, pandan sa pa fè pati misyon prensipal li yo.

“Ayiti se youn nan kèk peyi kote bank yo gen yon pwofi trè wo epi popilasyon an ap viv nan mizè.  Nan yon peyi nòmal, bank yo ap fè gwo pwofi popilasyon an ap viv alèz,” daprè ekonomis Labossière.

Yon lòt bò, mesye Labossière te fè yon ti pale sou enjeksyon Bank Repiblik Ayiti (BRH) ap fè yo, li fè konprann enjeksyon sa yo se nan avantaj pil moun ki lakoz goud la pèdi valè li jodi a li ye.

« Se yon krim ekonomik ki doub. Se yon premye krim paske moun sa yo ap espekile. Dezyèm krim lan se paske Bank Repiblik Ayiti toujou ba yo dola,” sou presizyon Eddy Laboussière.

Se sak fè, ekonimis lan di, olye pou Bank Repiblik Ayiti (BRH) ap enjekte lajan nan mache a, li ta dwe kapitalize yon fon envestisman oswa yon bank devlopman tankou nan Repiblik Dominikèn pou bay Ayisyen kredi.

Espesyalis la di avèk bank devlopman sa a, nenpòt pwojè valab t ap byen akeyi. Li tou pwofite  mande otorite monetè yo pou yo pran mezi ki nesesè pou limite sikilasyon twòp lajan etranje nan peyi a pandan y ap pran sanksyon sevè kont bank komèsyal ki envesti nan pratik achte ak vann dola a.

Facebook Comments

TAGGED: , ,
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.