Kantite jounalis yo te touye atravè mond lan te ogmante anpil nan lane 2022 a, aprè yo te fin anrejistre yon bès sou 3 lane avan yo, te rapòte kò kiltirèl Nasyonzini an nan yon rapò Lendi 16 janvye 2023 a.
UNESCO te rapòte lanmò 86 jounalis ane pase, ak 19 ki te mouri nan peyi Meksik sèlman, 10 nan peyi Ikrèn ak 9 an Ayiti.
An mwayèn 58 jounalis te mouri asasinen soti nan lane 2019 pou rive nan lane 2021, daprè yon ansyen rapò UNESCO, epi 55 te asasinen nan lane 2021 an. 3 lane sa yo te make yon diminisyon depi 2018, kote 99 jounalis te asasinen.
Direktè Jeneral UNESCO a Audrey Azoulay te di nan yon deklarasyon bilan 2022 a te « alamant », li te fè konnen tou « Otorite yo dwe redouble efò yo pou mete fen nan krim sa yo epi asire yo moun ki komèt krim yo kondane, paske endiferans se yon faktè prensipal nan klima vyolans sa a, »
Daprè UNESCO twa ka nan asasinay yo te fèt nan peyi ki pa gen konfli, ak Amerik Latin nan ki te gen plis pase mwatye nan lanmò yo.
Kèk nan rezon ki fè jounalis yo te touye se akòz reprezay yo pou rapò yo sou krim òganize, konfli ame elatriye.
Gen kèk jounalis tou ki te touye paske yo te kouvri sijè sansib tankou koripsyon, krim anviwonmantal, abi pouvwa ak manifestasyon.

