Ministè anviwonnman anvizaje pwòpte rejyon metwopolitèn lan 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
ministè anviwonnman anvizaje pwòpte rejyon metwopolitèn lan 

Minis anviwonnman an James Cadet prezide nan dat 10 ak 11 janvye ki sot pase a yon reyinyon avèk divès kad ministè a epi reprezantan òganis otonòm tankou SNGRS ak CNE sou pwoblematik salte a nan gran vil yo ak fason yo kapab pwòpte zòn sa yo. 

De jounen travay sa yo ki dewoule nan lokal ministè a fèt avèk pou prensipal objektif jwenn yon nouvo estrateji ki kapab ede adrese pi byen pwoblèm fatra a nan gran vil yo, prensipalman rejyon metwopolitèn lan ki jounen jodia tounen yon depotwa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon kominike ki pibliye jodi madi 17 janvye a sou de jounen travay sa yo, Ministè anviwonnman fè konnen diskisyon yo te chita plis sou solisyon imedya, pou ti bout tan ak lontan sou pwoblèm salte an nan diferan gran vil yo, an patikilye rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan. 

Minis James Cadet ki t ap prezide de seyans travay sa yo fè konnen, pwoblèm salte a nan peyi a ogmante nan yon nivo san parèy avèk evènman Peyi Lòk yo e gouvènman li ladan l lan konte ranfòse aksyon l yo pou pwòpte peyi an epi mete an plas bon pratik pou jesyon fatra yo an Ayiti. 

Nan kad plan aksyon gouvènman an anvizaje mete sou pye pou pwòpte vil yo, Minis Cadet fè konnen se ap yon demach k ap enplike enstitisyon tankou Ministè anviwonnman, òganis otonòm tankou SNGRS ak CNE, Meri yo, sektè prive an, elatriye… 

Rezilta de jounen travay sa yo sou pwogram goumen kont salte nan diferan vil yo nan peyi an ap gen pou prezante nan pa twò lontan ak chèf gouvènman an, Premye minis Ariel Henry, pou dènye mo an, souliye kominike pou laprès sa. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.