Imigrasyon Panama depòte 8 Ayisyen koz yo itilize fo viza 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
imigrasyon panama depòte 8 ayisyen koz yo itilize fo viza 

Sèvis Nasyonal Migrasyon nan Panama te anonse nan yon nòt nan dat lendi 16 janvye 2023 a, li te depòte 8 sitwayen ayisyen nan peyi orijin yo, koz yo ta prezante fo viza nan ayewopò entènasyonal Tocumen. 

Daprè nòt sila a, wit konpatriyòt yo te soti nan Repiblik Dominikèn epi yo t ap eseye pase sou teritwa Panama pou yo rive Salvador. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ekip Analiz Migrasyon Ayewopò Tocumen an te rive detekte, yo te gen fo viza panameyen. Otorite Panameyen yo te depòte Ayisyen sa yo imedyatman san vire gade dèyè. 

 Sitwayen ayisyen yo te oblije gen yon viza transpò piblik pou yo fè eskal la. Pou moun ki voyaje nan Repiblik Dominikèn, anpil ladan yo pase, pi fò nan tan yo, ap itilize fo viza an echanj lajan an. 

 Fòk nou souliye, plizyè konpatriyòt antre Panama ilegalman nan yon forè ki danje anpil, ki pote non « Darien ». Prèske 80% nan plis pase 134,000 imigran ki te travèse forè sa a an 2021 se te Ayisyen, daprè otorite panameyen yo. Sepandan, sikilasyon imigran ayisyen sa yo te diminye nan kòmansman ane 2022, daprè Associated Press. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.