Categories: AN KREYÒL

Jounalis Fred Andou viktim de yon brakaj

Share

Fred Andou, ansyen prezantatè Sport Mania, ki se jounalis radyo ak televizyon Karayib kounya, viktim de yon brakaj nèg ak zam ki te sou moto, nan ri Denri, bò 10zè 15 nan aswè7 janvye 2022 a. Selon yon mesaj jounalis la poste sou kont Facebook li, li sen e sof men yo pran telefòn ak bous li. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

 « Bonsoir à tous. Vòlè a moto fenk sot rale  Zam sou mw nan ri denri bò 10hres 15 yo nan aswè. Yo pran telefòn ak bous mw. Men m sen e sof . A pati de kounye an M pa rekonèt okenn aksyon ki fèt sou 3819- 3030 lan ak 3203 8191 lan ni aksyon ki fèt sou kat kredi mwen. 

Merci de faire tourner sur nos réseaux sociaux. 

Fred Andou » Nou ka li sou kont fesbouk jounalis la nan yon pòs li fè vè 10è 55.  

N ap raple ke Fred Andou s on jounalis pwofesyonèl ki fè plizyè lane ap prezante Sport Mania ki s on emisyon ki g anpil ekout nan peyi a. Sa gen sèlman kèk semèn depi l kite radyo IBO pou l al travay nan radyo Karayib kote, an plis de emisyon spò yo, li prezante yon emisyon politik ki se Caraïbes pa p dòmi ak Fritz Charles epi Fertil Modelet.  

Fenomèn ensekirite a pa sispann blayi jipon l sou peyi a. E, pou kòmansman ane sila, li deja fòse divès moun fè vwèl pou peyi san chapo pami yo 2 jèn jounalis (John Wesley AmadyWilguens Louissaint) ki ta pral f on repòtaj anndan Laboule 12, selon enfòmasyon yo. Kidonk, sektè laprès la, sitou, pran gwo kou pou premye semèn nan ane a men, l enpòtan pou n sinyale ke pèsonn pa epanye. Popilasyon an ki lage 2 bra pandye ap tann jantiman ki lè l ap ka rale yon souf. 

 

Peterson Dorsainvil

Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.

Leave a Comment
Published by
Tags: braquage featured Fred Andou Haiti Insecurite